Ayiti ensekirite: Bandi krible anba bal komedyen Ralph Theodor zòn Avni Poupla

1,300

03-03-2023

Pòtoprens, Ayiti _______(TRiboLAND) Nouvèl la tonbe tankou yon bonm jodi vandredi 3 mas 2023 a nan Pòtoprens, kote plizyè sous medyatik konfime lanmò ou asasinay komedyen popilè, Ralph Theodor, alyas “Sexy”.

Avni Poupla, yon rejyon nan Pòtoprens ki te teyat yon veritab group bandi sangwen ki tap bay panik ak gro kout zam ki tap klewonnen, nan zòn Solino, Ri Pave, Nazon ak Avni Poupla, kote ke yo arive krible anba bal Sexy.

Nap raple, komedyen Sexy, te genyen gro akizasyon konplotè ak asosye ak bandi e menm fè pati group gang 5 Segonn, daprè Jounalis Theriel Telus. Yon enfòmasyon ke komedyen an te voye jete byen lwen.

Nap raple, sa pa gen lontan depi komedyen an tap denonse gwoup moun ki te pran yon malen plezi ap site non li nan move zafè.

Kadav Ralph Theodor te pami yon latriye kadav ki tap benyen nan san yo nan diferan rejyon nan kapital la jodi vandredi a. Ke nanm atis la repoze nan lapè etènèl.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.