Fidèl katolik Senluidinò selebre sen patwon yo ” Saint Louis Roi de France”

231

08/25/2020

Senlwi Dinò____(TRiboLAND) Se jounen madi 25 out 2020 sa a, pèleren soti toupatou pou vin patisipe nan Saint-Louis de France, ki se patron Vil senlwidinó, nan Nòdwès.

Nan omeli sikonstans lan, selebran prensipal la, Reveran Pè Lazarre Bénédicte, denonse ipokrizi ki se yon kansè, anndan legliz la, sitou nan mitan prèt parèy li yo.

Prèt monfòten an pwofite okazyon sa a tou pou denonse kòripsyon nan leta sitou ak yon bann pati politik li di k’ap pouse tankou djondjon nan peyi Dayiti.

Kire pawas Janrabèl, Rev. Pè Lazarre Bénédicte, fini pou li lanse yon apèl bay otorite yo nan peyi isit pou yo mete yon bout nan fenomèn ensekirite a nan peyi Dayiti ki pa sispann efondre nasyon ayisyèn nan, patikiyèman nan Komin Senluidinò kote pèp sa a ap dòmi yon je louvri, yon je fèmen akoz bandi ak zàm ki achte vil saa lajan kontan.

Antouka, ti ponyen pèleren ki te soti nan plizyè ra kwen pat tèlman satisfè avèk anplè fèt La Senlwi, ki toujou an gran panpan nan tout tanpase yo. Sepandan, yo te genyen anfas yo yon La Senlwi ki moribon avèk ensekirite, blackout, absans sèvis dlo potab, karans ankadreman sosyàl tout kalite ke moun poko jamè viv nan komen nan. Ajoute ak sa, ou jwen yon bò nan popilasyon ki nan chagren akoz dènye nofraj batiman Ancelita a nan Latòti. Elas! “Fè tan kite tan”.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.