Tanpèt tropikal Laura touye 3 nan Kapital Sen Domeng lan

253

Sen Doming_____(TRiboLAND) 3 moun mouri dimanch anndan repiblik dominikèn nan akòz de move tan ou lapli manman penba ke tanpèt tropikal Laura  propaje e ki okazyone yon pakèt latriye moun evakye kite lakay yo, daprè otorite lokal yo.

Yon fanm ki genyen 44 lane ansanm avèk pitit li ke yo idantifye sou non Ylenia ak Darwin Frias, yo mouri nan yon katye nan zòn Palmares, nan Nò Sen Doming, lòske yon muray sot tonbe, daprè Sant operasyonèl dijans yo.

Yon parèy dram arive maniganse vè 3 zè byen bonè maten an nan zòn Los Palmares, konsa, sis zè aprè yo ta pral dekouvri kadav yon ti gason ke yo te jwen mwatye antere anba dekonb, selon Efe.

Twazyèm moun ki mouri a idantye kòm “Milton Versace”, li pèdi vi li pandan yon pye bwa tonbe sou do lakay li nan Guáyiga, nan yon lòt vil nan nan Nò Sen Domeng.

Comments are closed.