Peyizan yo nan premyè seksyon Lakoma, lokalite Dikonje, nan zòn Ba-Nòdwès, satisfè ak yon bon rekòt mayi pou ane a.

207
0
Share:
TRiboLAND

Aprè plizyè lane travay san pwofi, finalman peyizan yo nan lokalite Dikonje satisfè ak yon bon rekòt mayi pou ane a.

07-18-2023

Lakoma, Ayiti_____(TRiboLAND) Dènye lapli ki tonbe sou depatman Nòdwès la, patikilyèman nan premyè seksyon kominal, komin Jan-Rabèl, mete souri sou lèv peyizan yo aprè plizyè ane lapli pat janm tonbe.

Kontinye travay latè malgre yo pa jwenn okenn èd ak ankadreman bò kote ministè agrikilti ak resous natirèl, peyizan yo nan lokalite Dikonje pat dekouraje travay e fè djapòt nan rekòt mayi a pou ane sila.

Desilien Déco, ki tap pale fè konnen, gen anpil peyizan ki pa fè jaden ane a, se akòz sèchrès la ki pa kite yo ak yon goud Lesko; konsa, lakòz yo paka achte semans pou yo plante, vwa pou yo ta jwenn kòb pou peye yon kwadi konbit pou travay tè a.

Travay latè depi nan laj 12 zan, pou Desilien Déco, se gwo sezisman, lè li wè, peyizan yo ap pèdi rekòt pou pri semans k’ap monte tèt mèg.

Antouka, krab la gra pou ane a; plizyè barik mayi ak bougon mete lajwa nan vizaj sa ki te dekouraje anba sechrès.

Share:

Leave a reply