Sosyete atistik “Les mains sales” fete 2e ane egzistans yo nan vil Pòdpè

2,945

John Jean Jacques TRiboLAND

Sosyete atistik “Les mains sales” selebre 2e ane egzistans yon seyans de travay piblik.

Sitiyasyon sosyal, ekonomik ak politik peyi Dayiti nan dènyè ane sa yo lakòz anpil jenn abandone peyi a pou al chèche lavi lòt kote; gen lòt ki jete kò yo nan fè zak malonèt. Men gen yon ti gwoup tou zwit ki toujou kwè ke peyi a kapab sòti kote l ye la si yo deside al lekòl, aprann metye, deplwaye talan yo pou pote kontribisyon pa yo. Yon group jenn inivèsitè ki sòti nan vil Pòdpè k’ap etidye nan plizyè inivèsite nan peyi a debake nan vil Pòdpè pou vin fete 2e ane egzistans antrepriz yo a ki pote non “Les mains sales”.

Nan kad 2e ane egzistans yo, sosyete atistik sa ki pote non “Les mains sales”, anpil ekspozisyon tap pral fèt, anpil cho nan kesyon penti te bay jou vendredi ki 4 fevriye 2022 sou plas katedral, site Kapwa Lamò a. Anpil moun te pwofite pandan egzibisyon sila manifeste kiryozite yo e bat bravo la kontantman e koube yo byen ba devan talan jenn gason sa yo ki tap depoze.

Nan yon entèvyou ke jenn sa yo te akòde Radyo Marconi nan vil Pòdpè, kèk ti tan apwè egzibisyon atistik la, fè konnen ke ide pou mete tèt ansanm pou te travay ansanm nan dat jwiye 2007 e ide sa te vin materyalize an fevriye 2020. Selon PDG antrepriz atistik sa, Gay Lazard Jean MICHAUD ki se yon mekanisyen egalman, non ” Les mains sales” la vini aprè tout move jijman ke anpil moun konn pote sou yo paske men yo ak rad yo toujou sa l. Anpil moun toujou itilize tèm sal la pou rabese yo, men pou montre ke penti se fyète yo, yo te chwazi bay antrepriz la non sa a.

Yon lòt kote, jenn nòdwezyen sa yo, fè konnen ke yo genyen plizyè aktivité ke yo pral fè nan vil la tankou :  seyans fòmasyon pou tout moun ki vle, yon konkou desen kap gen pou mete an valè yonn nan figi ki make jenès ayisyèn nan ki se Rose Lumane Saint Jean, elatriye.

Nan yon peyi kote anpil moun panse pa gen espwa, pa gen sèvo landan l ankò, “les mains sales” atravè imaj jenn sa yo ap transmèt, montre gen talan, gen jeni e genyen espwà!

Comments are closed.