Nòdwès pami depatman ki sou menas tanpèt tropikal ISAIAS

270

Pòdpè____(TRiboLAND) Lapli ap tonbe, van an ap soufle trè fò, lanmè an boulvès, solèy pa leve, se imaj yon nòdwès ou yon Pòdpè an patikilye, ki leve demwazèl maten jedi 30 jwiyè 2020 sa a.

Siyn sa yo, daprè kòdonatè teknik Pwoteksyon Sivil pou rejyon Nòdwès la, fè n konprann peyi Dayiti deja nan pik siklonik lan e mande popilasyon Nòdwès la pou’l prepare’l pwiske Nòdwès se yon depatman ki vilnerab ke anpil lòt kote. Dènye enfo metewolojik nasyonal yo prevwa tanpèt la kapab pase men sou depatman Nòdwès ak divès lòt.


Li enpòtan pou’n mansyone, pa gen anyen ki kapab anpeche depatman Nòdwès la prang wo frap pandan pasaj tanpèt Isaias pwiske jis jounen jodi a pa gen okenn kanpay sansibilizasyon ak preparasyon ki te fèt pou rive fè fas kare ak yon parèy tanpèt k’ap vanse ak sou peyi Dayiti.

Saint Jean wiskis



Comments are closed.