Fas ak rumè kap koule sou rezo sosyàl yo sou lanmò Jimmy Danger, me ki sa TRiboLAND konnen

1,179

Selon yon sous ki pwòch family super star tanbourinè Jimmy Danger, ta sanble se pou tout bon, atis la ta kraze yon kite sa.

Enfòmasyon ki rive jwen TRiboLAND, ta vle fè kwè, ke Jimmy pat gaya ditou depi kèk jou; konsa, li te ospitalize pandan plizyè jou. Rock Star peyi a ki te toujou ap fè gwo koze sou rezo sosyàl yo, ta sanble mouri apwè midi vandredi 6 oktòb 2023 a, nan Sen Domeng, nan moman fanmiy li tap tante antre ak li nan peyi Dayiti.

Si se konfime, disparisyon bwit sou kou Jimmy Danger a, pral genyen gwo tou vid nan endistri mizik ayisyèn nan, san konte yon katafal fanatik griyen dan, ke yon parèy depa choke.

Ke nanm mizisyen ou pwomotè a, repoze nan lapè etènèl.

Comments are closed.