Yon ajan polis nasyonal la, ta sanble touye tèt li ak yon bal

231

Kwa Dèboukè____(TRiboLAND) Emile Jean Claude, yon ajan IV PNH ta sanble arive mete yon kanpo nan vi li jodi lendi 24 out 2020 an nan Kwa Dèboukè, daprè yon sou polisyè.

Daprè Jij Depè, Bernard Pierre-Louis ki tap kesyone madanm defen an, Josianne Pierre ki konfime ke se polisye Emile menm ki arive fizye tèt li ak yon bal nan tèt.

Emile ki gen 58 lane, te afekte nan sou komisarya polis Kalvè a nan Kwa Dèboukè,; li te chape bèl e byen nan yon atak nèg ame, ki kite yon tromatis lakay li ak depresyon.

Comments are closed.