Eleksyon: Ayiti2054 lanse ofisyèlman yon sondaj sou patisipasyon dyaspora a nan zafè peyi’l

276

Pòtoprens____(TRiboLAND) Se jodi lendi 17 out 2020 an yon nouvo pati politik, “Ayiti 2054” lanse ofisyèlman yon sondaj  sou entènèt ki vle mete an kesyon patisipasyon pitit tè Dayiti yo nan zafè politik peyi yo, daprè yon nòt piblik responsab nouvo strikti sa fè sòti.

Prosesis yon sondaj an linn nan ap dure plis ke 2 semènn sou www.ayiti2054.org kote ke sitwayen ayisyen ki genyen omwen 18 lane envite pou  bay opinyon yo atravè 2 kesyonè sou entegrasyon dyaspora a.

Se yon apèl ki lanse nan kad promote angajman pitit peyi a nan sa ki gen pou wè avèk angajman sitwayen nan rekonstwi yon nouvèl Ayiti, ki kapab enpoze’l nan Karaib la nan lane 2054, daprè Phénil Gordon Désir ki se sekretè egzekitif Ayiti2054 la ki kwè nan konpetans ki genyen nan dyaspora a pou rezoud degrengolaj yo.

Sepandan, responsab yo rete kwè nan solisite asistans dyaspora a nan mete sou pye yon Konsèy Elektoral ki djanm, se yon pasaj oblije si responsab yo vle retire peyi a nan kondisyon envivab la.

Comments are closed.