Manda Konseye Kou Dèkont yo fini yèswa, dimanch 07 avril 2024 la

804

04 – 08 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Manda Konseye Kou Dèkont yo (CSCCA) fini yèswa dimanch 07 avril 2024 la, a minwi. Konsa, pou evite yon vid enstitisyonèl, gouvènman demisyonè vwayou a, deside renouvle manda manm Kou Dèkont yo, pou yon mwa, sòti 07 avril pou rive 07 me 2024 kap vini la a.

Gouvènman demisyonè a, deklare, se nouvo gouvènman an ki pral genyen pou asime responsabilite yo pou aji sou sò manm (CSCCA) aprè 07 me 2024 pwochen.

Toutfwa, CSCCA mande mache piblik nan Nò ak nan Sid pou rete nan pòs yo jouska 07 me kap vini la a, pandan yo fè konnen yon parèy dispozitif deja pibliye nan jounal ofisyèl peyi a, “Le Moniteur”.

Comments are closed.