Dosye kòripsyon : Responsab finansye ONA yo, nan vizè ankètè ULCC yo.

870

07-02-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè ankètè ULCC yo te fin debake nan enstitisyon SNGRS nan mwa ki sot pase a, koulya se tou pa responsab yo nan Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès, kote yo deside òganize 2 jou odisyon ak 2 sèvis diferan nan ONA, swa lendi 3 ak madi 4 jiyè 2023.

Pou kore vizit ankètè ULCC yo, nan yon lèt ki pote non, ONA nan dat 30 jen ki sot pase a, direktris bwat sila mande ak Pierre Frantz Lubin, ki se direktè sèvis finansye nan ONA, mete li disponib pou ajan Inite Lit Kont Kòripsyon yo, nan dat kap lendi 3 jiyè 2023 a, nan entèval dizè nan maten.

Nan menm objektif la, ankètè ULCC yo, prevwa retounen nan dat 4 jiyè 2023, nan lide pou ankete sou travay sèvis jeni an, toujou nan ONA.

Ankètè Inite Lit Kont Kòripsyon yo pa deside bay vag, ak fason koriptè yo ap dilapide ou fè gagotay ak kòb peyi a; kidonk, yo deside mennen bon jan aktivite “fouye zo nan kalalou”, sou majorite enstitisyon yo, epi tradwi eskanmòtè yo devan lajistis.

Comments are closed.