Nòdwès : Sityasyon sitwayen kap kap fè twonson wout Jan-Rabèl pou antre Pòdpè, vinn pi enkwayab

815

08-13-2023

Jan-Rabèl, Ayiti___(TRiboLAND) Enfrastrikti woutyè ki se yonn nan aks sosyal patikilyèman nan devlopman ekonomik yon peyi, pa priyorite Leta koupyon ayisyen an.

Depi plis pase 200 zan, abitan k ap viv nan awondisman Mol-Sennikola, patikilyèman nan komin Jan-Rabèl ap konnen lavi difisil, mete sou fenomèn debwazman an, ki vin anjandre fenomèn ewozyon an; kidonl, lè lapli tonbe, lavi abitan yo vin pi konplike.

Nan dènye jou sa yo, malgre gwo jefò kèk bon bayè pou chanje sityasyon malouk twonson wout Pòdpè/Jan-Rabèl la, malerèzman gwo palto nan Leta lokal la, melanje ak kriminèl eskanmòtè Leta santral, makònen ak divès òganizasyon entènasyonal, fè wout kwochi ak plizyè lajan pou kenbe popilasyon an nan sou-devlopman ekstrèm.

Fas ak sityasyon fenomenal sa a, machin ak motosiklèt pa ka pran pye, vwa pyeton. Popilasyon an ap mande non sèlman responsab yo, voye je yo pou gade mizè abitan kap sòti Jan-Rabèl pou rantre Pòdpè, men tou, òganize yon odit prese, prese sou kantite lajan ki depanse sou wout sila ki pa menm ekziste.

Comments are closed.