Edikasyon: anseyan yo nan Nòdwès kanpe travay

339


Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon Konferans pou laprès, ounen lendi 17 out 2020 an, Platfòm Anseyan ki regwoupe plizyè asosiyasyon sendika, branch Nòdwès, depoze lakrè jodi lendi a. Dezobeyisan sa yo antre nan kad pwotestastasyon kont mezi gwo bibit ak balewouze otorite yo nan Ministè Edikasyon Nasyonal pran pou transfere e pouse do kèk sendikalis nan sistèm nan tankou: Pwofesè Josué Mérilien, Magalie Georges, Franck Wilbert pou n site sa yo sèlman.

Pòtpawòl Platfòm nan nan rejyon Nòdwès la, Pwofesè Marcdonet Antoine fè konnen Platform sendika a nan depatman Nódwès la pote tout sipò li bay tout sendikalis minis Pierre Agenor Cadet revoke e tranfere anndan sistèm nan. Pwofesè Marcdonet Antoine kontinye pou mande anseyan lekòl piblik tankou prive rete mobilize yon fason pou fòse Leta Ayisyen reponn ak tout revandikasyon anseyan yo .

N ap fè remake, jounen lendi 17 out 2020 sa a, anseyan yo nan vil Senluidinò te pase yon lòt vitès siperyè kote yo fèmen pòt divès lekòl nan zòn nan pou reklame mèyè kondisyon travay.

SAINT Jean Wiskis

Comments are closed.