Pandan Ayiti ap naje nan mizè, Legliz Katolik ap egzije paran yo gwo sòm lajan pou timoun yo kominye

1,171

04-05-2023

Ench, Ayiti ____(TRiboLAND) Soti mwa me pou rive jen, divès enstitisyon Katolik ak Legliz toujou òganize premyè kominyon.

Enstitisyon relijyej yo, pa sispann mande paran yo gwo magogo lajan pou timoun yo resevwa premyè kominyon. Yon sitiyasyon ki pa diferan nan Plato Santral, kote “Petit Séminaire Saint Martin de Porrés” mande paran yo 58,000 Goud pou yon timoun kominye; yon sòm lajan yo dwe vèse soti 17 pou rive 21 avril kap vini la.

Lajan sa, daprè nòt enstitisyon an, se pou atik timoun yo dwe genyen nan okazyon an, tankou: Bib, chaplè, chasèt, frè pou peye Katedral la ak mizisyen, e latriye.

Yon sitiyasyon ki leve plim sou do divès paran, pou kalite egzijans yo gen pou timoun yo resevwa “Jezi Dlo Beni” ak Kominyon San Konfese”, atravè Lekaristi; pandan peyia ap benyen nan labou ak mizè nwa tout kalite. Si chante a di: “Vin pran, vin pran, se Granmèt ki bay”. Pa gen bay konsa nan jounen jodia, se yon kesyon lajan. Se pa vini-w, ki pou sove-w!



Comments are closed.