Yon bandi ki tap opere nan zòn Blouyil, komin Okap, bwè Dlo bouch li apwè boukantaj kout zam ak lapopo

991

07-25-2023

Okap, Ayiti ________(TRiboLAND) Komisè Minisipal Okap la, nan tèt kole ak direktè polis Nò a mete dòmi nan je, Albert Eliphète jounen madi 25 jiyè 2023 a.

Lapolis ki pa nan tete lang ak bandi nan dezyèm vil peyi a, kontinye mete do bandi atè, Albert Eliphète ensikoni kontre ak zo grann li . Eliphète ensikoni te toujou ap twouble zòn Blouyil, daprè enfòmasyon yo, se ta li menm ki te asasinen frè UDMO a nan zòn Monben Latay .

Lapolis nan depatman Nò a sèmante,17 fwa 7 fwa Okap pa dwe menm jan ak Pòtoprens, kote ke bandi achte l lajan kontan.

Comments are closed.