Charles Guillet Salvador : “Pa gen wout pabwa, Koudekasasyon tèt dwàt”!

436
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Pa gen wout pa bwa! Si nou vle retire peyi Desalin nan anba grif bandi ak sapat ni gang vès yo, se nan Koudekasasyon pou’n ale yon mannyè pou renouvle pèsonèl politik la, atravè eleksyon.

Se pozisyon ansyen majistra komin Pòdpè a, msye Charles Guillet Salvador ki fè konnen aprè depa ansyen diktatè Jean Claude Duvalier nan lane 1986, tout tantiv pou reyalize eleksyon nan peyi a, tout te echwe akoz sektè Makout la ki te vrèman puisan nan peyi a, e ki pat vle tande pale koze eleksyon.

Malgre sa, pèp ayisyen pat janm lach bay. Se konsa pèp la te rann li nan Koudekasasyon, kote l te poze lapat sou Madanm Ertha Pascal Trouillot ki te reyalize, pou premye fwa nan peyi Dayiti, pi bèl eleksyon demokratik ki te eli Jean Bertrand Aristide kòm prezidan. Kidonk, se menm Koudekasasyon sila, avèk Me Boniface Alexandre defen, aprè depa Jean Bertrand Aristide nan kanpelwen, te òganize eleksyon nan peyia; ankò ki te bay René Gracia Preval kòm Prezidan.

Jounen jodi a, menmjan nan epòk rejim Makout aprè depa Jean Claude Duvalier, se gang, chimè, bandi kap kòmande; si nou vle chante antèman ranblè ki sou pouvwa a, pa gen wout pabwa, se tèt dwàt Koudekasasyon, pou renouvle pèsonèl politik la. Lè sa a, nou va di bandi ak sapat ni kravat yo men kwa manman yo, men kwa papa yo, si yo kapab, vin pile’l.

Share:

Leave a reply