Jenès Grandans lan te reponn masivman nan kad konkou pou devni manm BEC ak BED

486
0
Share:
TRiboLAND

01 – 19 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Li te nan 7è byen bonè nan maten dimanch 19 janvye 2025 lan, plizyè santènn jenn fanm ak jènn gason ki te soti atravè 14 komin depatman Grandans lan, patisipe nan konkou pou vinn manm biwo elektoral depatmantal ak biwo elektoral kominal yo pou Grandans.

Ekzamen sila ki te komanse nan vè midi, te kowòdone anba direktif direktè ekzekitif konsèy elektoral pwovizwa a, Max Delices, nan lokal Lise Jènn Fi a nan vil Jeremi. Se te nan yon anviwonman kòdyàl ak fairplay, dewoulman pwosesis evalyasyon an te byen pase e fini san oken gro ensidan majè.

Antouka, anpil patisipan yo swete pa genyen men politik kap falsifye rezilta pou 42 manm biwo elektoral kominal pou 14 komin depatman Grandans lan. Ajoute ak sa, ap genyen 2 manm biwo elektoral depatmantal yo kap yon vis prezidan ak yon sekretè trezorye.

Share:

Leave a reply