Tansyon ant Ayiti ak repiblik dominikèn sou dosye Larivyè Masak la: gouvènman ayisyen an rele anbasadè Smith Augustin pou konsiltasyon

492

06/03/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Gouvènman defakto ayisyen an rele Anbasadè li, Smith Augustin ki akredite nan repiblik dominikèn yè mèkredi 02 jwen 2021 an pou konsiltasyon.

Yon parèy mezi arive pran, swit ak deklarasyon chanselye dominiken an, Roberto Alvarez ki deklare ke gouvènman dominiken an pap chita nan oken dyalòg ak Ayiti toutan otorite ayisyen yo pa fè sòti yon nòt ofisyèl piblik ki anonse ke yo sispan konstriksyon kanal ki devye larivyè Masak la.

Antouka, diplomat tout 2 peyi yo te deja kase randevou pou fasilite yon rankont; konsa, apwè deklarasyon chanselye dominiken an sou kesyon konstriksyon kanal sou larivyè Masak la, gouvènman ayisyen pozisyone’l nan objektif pou bay yon repons klè kon klèwoz sou pozisyon gouvènman PHTK a fàs ak deklarasyon Mesye Alvarès la.

Anpil kritik kwè ke genyen yon ti dife volan kap manniganse ant otorite ayisyèn ak dominikèn yo sou dosye “Rivyè Masak” la ki ta parèt kòm yon diplis nan latriye basen kriz ke peyi Dayiti deja ap naje.

Comments are closed.