Gwo chèf gang kriminèl ke FBI tap chèche tankou chyen fou, ta sanble kraze yon kite sa ak yon fwap dwann

220
0
Share:
TRiboLAND

08/19/2026

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Gro chèf gang “Kraze Baryè”, ki pat manje anyen ki frèt ta sanble kraze yon ki te sa nan pran wout letènite li aprè yon gwo fwap dwann ki deklentche sou do lakay li. Selon sa kap sikile sou rezo sosyàl yo, Vitel’Homme Innocent ki te fè pati 10 gwo kriminèl fijitif rechèche sou lis FBI Etazini an, pwemye jiyè 2025, ta sanble jwenn bouchon li, selon jounalis senyò Gary Pierre-Paul Charles.

Enfòmasyon yo ta vle fè kwè ke Innocent te blese grav aprè fwap manman penba a; te genyen anpil manèv avèk bwas pou te transpòte li nan diferan lopital. Finalman, li tèlman ap devlope yon rivyè emoraji, li ta sanble li te nan obligasyon pou kraze yon kite sa.

Antouka, nouvèl sila ki ta sanble rete kouvè, mete anpil moun sous sispens e okazyone anpil entèwogasyon sou pozisyon gouvènman Alix Didier Fils-Aimé ki chwazi genbe enfòmasyon an anbachal. Lòt rimè ta ensiste ke gouvènman an genyen enterè pou kache fèy kouvwi sa, pwiske teren an pyeje ak malfetè nan tout rakwen ki nan lis nwa otorite yo.

Genyen moun ki rete kwè si operasyon fòs lòd yo pran bonjan jarèt ak fwap ti jwèt anlè yo ki vize parachite sou do ak antouraj lakay tout gwo chèf gang annafè, enkyetid pou bonjan klima pou dewoulman eleksyon “pike kole” yo kapab diminye.

Share:

Leave a reply