Peyi End konfime ke li pèdi 20 solda nan deblosaj fontalyè ki deklentche avèk Lachenn

306

NewDeli____(TRiboLAND) Gwo tansyon pa sispann ap pran pye nan zònn Ladakh nan Nò peyi End. Dapwè otorite endyen yo, 20 solda endyen mouri nan gwo konfwontasyon  avèk lame chinwaz sou fontyè ki relye 2 peyi yo.

Se pwemye deblosaj militè e mòtèl depi 45 lane ant 2 gwo pwisans nukleyè sou kontinan asyatik la. “Wachenntonn konfime ke Lachenn ak End manifeste volonte yo pou apèzman, e yo menm bò kote pa yo , yo pou yon solusyon pasifik,” dapwè rapòtè depatman Deta Ameriken an.

Comments are closed.