Fineray Konpè Filo nan Kyòs Occide Jeanty

413

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Li te gentan 9:30 am jodi madi 18 out 2020 an lè fineray konfrè laprès, jounalis angaje ou kiltirèl byen koni, Anthony Pascal alyas “Konpè Filo” te demare nan anfiteyàt kyòs Occide Jeanty avèk yon posti solanèl kote ke paran, zanmi, lidè ak militan politik, sosyete sivil, vodouyizan, medya tout kalite ak yon bon valè moun nan popilasyon an pat vle rate okazyon pou di pou yon dènye fwa “senèken orevwa” a Konpè Filo”.

Se yon joune nwa e tris pou peyi a kap gade pasaj yon moun tankou “Konpè Filo”, yon pitit tè a ki sakrifye tèt li anpil pou peyi a e ki kite yon espas kap difisil pou konble. Nèg saj, mistik, zanmi tout moun ou lanati, entèg, san rankin avèk yon konviksyon vodouyizan ki anrasine nan yon imanism ki pa fasil pou moun jwen lakay lòt moun, daprè temwanyàj yon pakèt asistan. Anfen, se tout yon nich kalifikasyon ou kalite ke moun kapab atache a “Konpè Filo”, ki totalman kite tout peyi Dayiti nan yon veritab chòk!

Kantite moun ki te gen chans pou pran lapawòl yo pa piti. Kòmanse sou pitit li Mardochée Pascal ke matant li te reprezante, pase sou Lilianne Pierre Paul kòkòday jounalis li jis rive sou profesè Victor Benoit ki tap fè bat bouch sou valè, dinyite, ak militans “Filo” ki se yon senbòl libète ekspresyon nan peyi Dayiti, youn ki te profon nan idantite kiltirèl li. Mardoché te profite fistije otorite yo ki selon li menm, pa mete enfrastrikti nan peyi a ki okazyone ke nou pa genyen “Filo” jounen jodi a.

Kò defen an gen pou repoze nan Vallue, TiGwàv anba yon repozwa ki genyen 36 pye mapou (ceiba pentadra) daprè volonte “Konpè Filo” ki te kwè nan Ginen y oak nan idantite kiltirèl ayisyen an ki se vodou.

Comments are closed.