Lekòl nasyonal Boukan Richa nan awondisman Gwomòn ap fonksyone an mal makak.

968

06-16-2023

Gwomòn, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan mache fouye zo nan kalalou, korespondan TRiboLAND yo al pantan sou yon ti anga ki kouvri ak kèk zèl tòl wouye, ki genyen andedan li plizyè ti moun ak kèk zèl silotèks kanni, ou tadi se kote moun tèt pa dwat ap fonksyone.

Rapwoche pou konnen, ki sa kretyen vivan sa yo ap regle anba ti tole sa? Kèk moun ki te sou plas fè konnen, se lekòl nasyonal Boukan Richa nan premyè seksyon kominal Gwomòn, kap fonksyone an mal makak, akòz Leta pa deside konstwi lekòl la.

Poze kesyon pou konnen, èske imaj sa a pa choke MENFP? Ki sa yo regle ak kòb FNE a? Kilè edikasyon nan peyi isit, ap priyorite gwo zotobre yo? Ki lè Leta ap sispann lage zafè edikasyon nan men sektè prive a?

Pou anpil moun, zafè ledikasyon nan peyi Dayiti, pat janm priyorite Leta, kontrèman ak sa Manman Lwa peyi a ap prone nan atik 32.2 li.

Fon Nasyonal Edikasyon ap gagote. Ribrik pou rezoud zafè lekòl nan bidjè ap dilapide, lidè edikasyonal ki pa genyen oken lisidite kontinye ap kokoratize lekòl, san konte yon latriye ONG ki fè tèt yo pase kòm ekspè e ki vin blanchi kòb nan kominote yo, alòske pwoblèm yo toujou rete menm jan.

Imaj yo chokan e imilyan; sepandan, TRiboLAND trouve li nan obligasyon pou entwodwi yo bay piblik la sou fòm SOS, yon fason pou montre enòmite kriminalite gagotè, kòriptè ou politichyen ak richyen lakay ki merite pann!

Comments are closed.