Moun Plato Santral sou gwo tansyon akoz EDH ki chita sou vann fè nwa ak blòf

1,097

04-06-2023

Mibalè, Ayiti ____(TriboLAND) Jodia jedi 6 avril 2023, divès moun nan popilasyon an bloke wout Mibalè – Ench lan, nan zòn Pelig pou montre fwoustrasyon yo, kont EDH ki fè alèji ak kouran.

Depi plizyè mwa, se lalin ak chandèl la ak sila yo ki gen sous enèji prive ki fè anpil moun wè sa ki rele limyè. EDH chita sou fè nwa, ki, daprè divès sitwayen nan Plato Santral se youn nan sous ensekirite.

Abòne yo ki trè asid anvè gouvènman defakto Ariel Henry a, reproche li akòz li sankoutcha e iresponsab fas ak efò pou rezoud divès kriz kap souke labil peyi Dayiti.

Yo profite reproche Ariel kòm yon zewo ki fèmen zye sou tout efò ansyen Prezidan Jovenel Moïse tap fè nan sa ki gen pou wè ak elektrisite nan tout peyia.

Si pa gen yon repons ki bay, se tout tan plim sou do nou pap janm sispann leve, daprè divès sitwayen protestatè ki te paralize trafik Mibalè – Ench lan pou yon bon bout tan jodi jedi 6 avril 2023 a.

Comments are closed.