Yon group bandi atake kòtèj fanmiy prezidansyèl la nan Gromòn: 2 ajan USGPN mouri

374

12/31/20

Pòdpè_____(TriboLAND) Daprè Vis-delege depatmantal Nòdwès la, Renard Jean Rivière ki te fè deplasman, aksidan ki gen pou wè avèk lanmò 2 ajan USGPN jodi jedi 31 desanm 2020 an nan Gromòn, depatman Latibonit gen pou wè avèk yon group bandi ame ki te ouvwi zàm sou machin petit gason prezidan an.

Selon Mesye Renard Jean Rivière ki te ale sou plas, pa gen endikasyon ke premyè dàm nan te prezan nan moman atak la. Sepandan, 2 ajan USGPN yo ki te riposte pou sove vi pitit prezidan an te pran plizyè bàl e machin yo ki te yon machin backup arive chavire nan moman atak la.

Premye enfòmasyon yo te fè kwè ke se te kòtèj premyè dàm nan; sepandan, TRiboLAND vle rektifye enfòmasyon anteryè yo ki gen pou wè avèk Martine Moise, te enkòrèk. Antouka, selon vis Delege a, se pa inikman aksidan sèlman, men egalman yon atak ki lakoz ranvèsman machin backup lan nan fè manèv ak lanmò 2 ajan USGPN yo ki genyen plizyè trou bal sou yo, daprè Mesye Jean Rivière ki t’ap depoze.

Comments are closed.