Divès manm nan popilasyon an, denonse otorite yo nan lapolis ak lajistis ki pa vle pran responsabilite li pou arete asasen, kriminèl Jerry Acange Anderson Leconte.

885

05-18-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Plizyè manm nan popilasyon tigwavyèn nan, nan yon antrevi ak laprès aprè midi mèkredi 17 me 2023 a, pa manke mo pou denonse otorite yo nan lapolis ak lajistis yo di ki pa pran responsabilite yo pou arete prezime asasen Jerry Acange Anderson Leconte alias Tilekon, akòz li genyen gwo akizazyon ki tonbe sou do li kòm moun ki ta asasinen jounalis kiltirèl Crib Ricardo ak plizyè bal.

Popilasyon an, ki di, yo konstate prezime asasen an, Jerry Acange Anderson Leconte ki touye Ricardo Crib, ap mache ak gwo zam fann fwa li anba je tout moun nan kominote a, alòske yo di Jerry genyen avi rechèch ak manda kont li.

Nap raple, prezime asasen, kriminèl la, Jerry Acange Leconte te touye jounalis Crib Ricardo ak plizyè bal nan poumon ak nan ponyèt nan jounen 26 desanm 2022 pase a, aprè divès jou li pase sou kabann lopital.

Comments are closed.