Legliz Batis Siloye Dègranj : yon semèn kwazad evanjelizasyon nan pak Luc Chery nan komin Senlwidinò

249
1
Share:
TRiboLAND


07 – 29 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon gran kwazak evanjelizasyon kòmanse nan Dègranj sou pak Luc Chery nan komin Senlwidinò. Aktivite eklezyastik sila ki demare sware 28 jiyè 2024 la, ap dire 8 jou. Selon reveran pastè Jean Duckson Charles, legliz Batis Siloye, objektif la se chèche tout nanm ki pèdi yo pou etabli wawòm syèl la.

Kwazad evanjelik sa ki gen kòm tèm: “Chèche moun ki pèdi yo”, reyini plizyè santèn moun tout koulè relijyon ki vin adore Bondye nan yon sèl lafwa.

Popilasyon an bat bravo pou responsab yo ki pran inisyativ sila; yon sòlòkòtò ki ta sanble pral pote yon chanjman nan lavi jenès la ki te abandone legliz pou plezi lachè.

Share:

1 comment

Leave a reply