Flash, Flash: Lapolis nan depatman Nòdwès la apenn poze lapat sou chèf gang ki pote non “Kay Koule” a.

1,332

Kay koule, se non yon chèf gang notwa kap opere nan zòn “Dèyè Shell” nan vil Pòdpè, ki fenk jwenn arestasyon’l anba men ajan UDMO yo.

04-23-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Chèf gang kriminèl “Kay Koule” lapolis tap chèche tankou chen fou, apèn jwenn arestasyon’l devan Shell National la, zòn Boulva Jovenel Moïse, nan vil Pòdpè.

Chèf gang sila a, ki te genyen divès akizasyon sou do’l tankou : vol men ame, asosyasyon malfektè, konplo kont leta, deja anba men lapolis, ki te genyen gwo projektè sou li.

Divès chofè moto ki tap swiv an chalkalis machin ajan UDMO yo, fè kwè chèf gang “Kay Koule” pou koulya, ta deja mache pòs li nan zòn Lasalin ak yon grenn bal nan zòrèy gòch li. Yon enfo ke TRiboLAND pat kapab verifye.

Comments are closed.