Avoka yo nan bawo jiridiksyon Tigwav, selebre fèt sen patwon yo, Sen Iv.

177
0
Share:
TRiboLAND

Avoka yo nan bawo jiridiksyon Tigwav, selebre fèt sen patwon yo, Sen Iv.

05-19-2023
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Avoka yo nan bawo jiridiksyon Tigwav la selebre jodi vandredi 19 me 2023 a, fèt sen patwon yo ki se Sen Iv. Seremoni an dewoule an prezans divès pèsonalite nan leta a, pami yo, komisè polis la, Bellamy Samedi, dwayen tribinal sivil premye enstans la, Duclair Fritzner, komisè gouvènmanan, Pierre Elioth Paul, batonye lòd Avoka yo Milor Antoine, ansyen majistra Marc Roland Justal.

Nan okazyon an, se reveran pè Junior Colbrt Dorfeille ki te selebe mès sila a. Pè Dorfeille nan diskou sikonstans lan,  preche avoka yo pou yo pa lage kò yo nan kòripsyon, li ankouraje yo pou bay jistis ak moun ki merite jistis, bay jistis ak moun ki pi fèb yo,pandan l presize avoka te sèmante pou bay vèv ak òfelen yo jistis

Yon lòt bò, reveran pè Junior Colbert Dorfeille mande otorite jistis yo nan Tigwav, pou pran men yo nan fason yap distribe ti moso jistis la bay popilasyon an. Li egzòte yo pou lajistis la pa tounen yon mache kote se nan tigòdèt fo mamit yap vann jistifyàb yo. Pou dirijan eklezyastik la, li lè e li tan pou otorite yo nan Lajistis dwe komanse enspire sitwayen yo konfyans nan sistèm lan.

Share:

Leave a reply