Plizyè kay eksploze nan Baltimò e plizyè moun bare e pa kapab soti

273

Baltimò,Etazini____(TRiboLAND) Yon gwo tonton eksplozyon fèt nan yon katye rezidansyèl nan Baltimò, kote ke yon krèy moun ki gen ladan yo timoun, bare e pa kapab soti, daprè sa ke yon sendika ponpye lokal fè konnen nan yon kont twitter.

Ponpye Baltimò yo, seksyon 734 AIP a konfime otantisite kont twitter yo bay CNN e yo pa founi tròp detay sou sitiyasyon an paske manm seksyon lokal 734 yo te deja nan wout pou reponn a ensidan an.

Genyen apeprè 3 moun ke ponpye yo arive sove, daprè sa ke group la deklare, e ekip espesyàl sekouris Baltimò a te deja kòmanse operasyon rechèch ak pote sekou yo. Inite medikal vil Baltimò yo e ansanm ak sèvis ponpye konte Baltimò a te la sou plas egalman.

Comments are closed.