Lionel Messi deside rejwenn Inter de Miami pou 2 sezon

1,080

06-07-2023

Pandan ke kontra li pran fen avèk PSG, bitè ajanten a, Lionel Messi deside mache pito avèk MLS la nan peyi Etazini.

Messi pra’l fè kolònn ak ekip Inter de Miami a ki genyen nan tèt li ansyen jwè foutbòl, David Beckham ki se yon natif peyi Angletè. Messi, selon kontra a, ap genyen pou jwe 2 sezon sèlman, pou yon bagatèl 50 milyon ewo pou chak sezon, daprè kèk sous medyatik.

Pou kèk kritik, se yon gwo kout zo pou Inter Miami fas ak lòt konkuran li yo. Enfòmasyon yo vle fè kwè se gras ak sipò grese sere patnè komèsyàl yo, tankou Apple ak Adidas ki pèmèt ekip Inter de Miami a arive leve gro lo a.

Antouka, malgre kontra a nan pasaj toujou, sa ki enpòtan, sèke bitè ajanten an ki deja sou 7 balon dò, pap ni rejwenn Al-Hilal ak FC Baselònn, ki pa konnen sa pou li ta bay pou ikonn nan ta retounen.

Comments are closed.