Pouvwa PHTK a, repran tou dousman nan men pitit li (G-9 en famille et aliés), baz UDMO nan Site Solèy la

380

Pòtoprens____(TRiboLAND) Lapolis repran kontròl komisarya polis Site Solèy la, ansyen baz UDMO a kote ke group gang ame G-9 en famille et aliés sou direksyon Iscar Andris te anvayi yè dimanch 9 out 2020 an.

Selon enfòmasyon ki arive jwenn TRiboLAND, bandi yo pat ofri oken rezistans nan moman yo te remake fòs entèvansyon spesyalize lapolis yo te deploye nan perimèt enstitisyon an.

Group gang la ki vle montre yon lòt fwa ankò yo pase anba pye deklarasyon “show bizness” prezidan Jovenel Moise ak tout Premye minis Jouthe Joseph te fè semèn pase pou mete yon fen ak aktivite gang yo, franchi yon pi gwo etap nan montre fòs yo lè yo menm oze akapare ansyen baz UDMO a nan komen Site Solèy.

Sa ki pi lèd la ankò, fòs espesyàlize yo pa menm arive mete men sou youn nan bandi sa yo, ni pouswiv yo jisko bou. Konsa, sa vle di ke moun swa dizan ki responsab sekirite piblik peyi rive nan yon pwen kote ke yo senpleman kontante yo “bat do bandi yo” fè yo leve kouri ale tou dousman yon fason pou yo ka sove lafas!

Pandan ke se yon “GWO WONT NASYONAL” pou se Anbasadè amerikèn an k’ap redi zòrèy pouvwa PHTK a pou pran swen ak proteje sitwayen ayisyen, li difisil pou moun ta detache group gang ak pouvwa a ki se “pwason kraze nan bouyon”. Se 2 antite vwayou marasa, apatrid, kriminèl ki pa menm epanye “Ti bebe”; se yon seri demon ki anbarase planèt la; yo san fwa ni lwa e detèmine pou plonje Ayiti nan nivo ki pi ba ke lemon pa jamè konnen.

Comments are closed.