REGADH, RNDDH ak RESEDH ki soti nan Jakmèl distribye kit eskolè ak akrikòl nan Komin Koray.

1,304

02- 03-2023

Koray, Grandans, Ayiti___(TRiboLAND) Plizyè òganizasyon tankou REGADH, RNDDH ak RESEDH ki soti nan Jakmèl fè yon gro distribisyon kit eskolè ak agrikòl nan Komin Koray, 2èm seksyon Dikiyon. Yon jès ki arive fèt nan kad bay yon repons imanitè apwè twanbleman tè 14 dawout 2021 an.

Selon madam Marie josie Appolon repwezantan rezo nasyonal dwa moun : RNDDH – REGADH pou depatman grandans lan, nan tèt kole ak rezo kap defann dwa moun nan depatman Sidès, RESEDH ke mesye Jetro Pierre Paul reprezante, distribye plizyè santenn kit eskolè ak kit plantil pou timoun lekòl yo fè pepinyè.

Dapwè responsab dwa moun yo, yon parèy jès enskri nan objektif pou asiste ti inosan yo ki nan lekòl piblik kou prive nan zonn rekile yo nan Grandans. Responsab la kise madam Marie Josie Appolon, ak mesye Jetro Pierre Paul fè konen pwogram imanitè sila jwenn sipò KNH/Ayiti.

Comments are closed.