Plent sitwayen ak sitwayèn komin Senlwidinò kont bandi ame kap taye banda

547


Senlwidinò____(TRiboLAND) “Noumenm Sitwayen/Sitwayèn komin Senlwidinò, ki pa gen ni peyi derechanj, ni komin derechanj ak ni kay derechanj, nou deside mache jounen jodi lendi 10 dawou 2020 an pou n denonse e kondane avèk tout fòs nou zak malonèt tout kalite moun ak zam pa sispan miltipliye sou tout kouch nan popilasyon an.

Zak tankou rantre lakay moun lannwit ranmase sa yo posede, matirize yo, vyole manman, vyole ti fi nan figi paran yo san kè sote vinn tounen fè dive pou bandi nan komin Senlwidinò, yon lokalite yo achte lajan kontan e yo pa sispan defye lapolis ki pa kapab reponn ak atant popilasyon an ki pa konnen ki sen pou yo rele!

Konsa, depi kèk semèn sityasyon laperèz ak ensekirite jeneralize sa dejenere kote depi lanjelis sonnen tout moun oblije rantre fèmen tèt yo nan prizon lakay yo. Sitwayen konsekan komin Senlwidinò profite denonse egalman silans, penyen lage, resèlèz ak woule’m debò otorite Lameri, Jijdepè ak Lapolis ki mennen komin nan sityasyon malouk sa. Divès sitwayen trouve mòd konpòtman sa yo sanble tèt koupe ak konplisite.

“Se poutèt sa nou vin mande Lameri, Lajistis, Lapolis ak komisè gouvènman pou yo montre komin nan ke yo pa konplis; yo dwe degaje yo mete lòd nan dezòd nan yon bat je! Sa kap pase moun nan komin, pa gen bouch pou pale! Viktim yo deja anpil, anvan yo vin pilsoupil, nou vin reveye mouche leta pou li montre li se Leta”, daprè yon foul sitwayen ki tap fòmule konplent yo nan divès anstans etatik konsene nan Senlwidinò.

Nou di ASE, ASE, se twòp atò! Otorite wap touche lajan Leta, fè Djòb nou, oswa mache pòs nou!

Comments are closed.