Gang sangwen ke pouvwa Ariel Henry ap pwoteje yo, krible anba bal yon minibus: yon latriye mò ak blese

1,008

02 – 18 – 2024

Mibalè, Ayiti____(TRiboLAND) Dapwè APCH, ki se Asosyasyon Pwopwiyetè e Chofè Dayiti, yon latriye moun ki te abò yon minibus ki fè trajè Pòtopwens – Mibalè te fè objè atak gang sangwen ame, kote ke sansal ki ta sanble nan danse kole ak gouvènman Ariel la, krible anba bal je fèmen veyikil la ki te chaje ak pasajè nan moman yo ta pral pran Mònn Kabwit jodi dimanch 18 fevriye 2024 la.

Enfo yo fè konnen Ti Blan, ki se chofè a, arive mouri pami yon latriye lòt, san konte yon plizyè lòt blese. Deja, kritik yo ta kenbe zonbi gwoup gang sangwen 400 Mawozo kòm responsab milyèm krim sila ki revòlte e mete dlo nan je popilasyon Ba Plato Santral la ki pa konnen ki sen pou yo rele ankò. Bilan reyèlman bay toudisman. Kèk medya ta konfime yon dizènn moun mouri e yon latriye blese; sepandan, chif yo rete trè kontradiktwa.

Nap raple, selon yon rapò Repiblik Dominikèn fè sòti, kòmanse sou ane 2021 rive 2023, majorite zam fann fwa gang yo, minisyon ak pwodwi stipefyan, sòti anndan peyi Etazini, ki fè tèt li pase kòm zanmi peyi Dayiti!

Enel Richard

Comments are closed.