Lapolis fouke yon manm gang sangwen Kanaan jis nan Komin Senlwidinò

837

01 – 17 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Apolon Marvens, manm gang Kanaan, jwen arestasyon li weekend pase a, ki te samdi 13 janvye 2024 nan komin Senlwidinò.

Marvens ale echwe jis nan komin Senlwidinò, nan kad leve kouri pou pran refij nan Senlwidinò.

Otorite yo lonje dwèt jouda sou Marvens, pou enplikasyon li nan yon seri zak kriminèl ki bay kè plen. Yo akize li tou deske li genyen men li tranpe ragagann nan asasine yon polisye nan Lilavwa nan mwa dawou ane pase a.

Comments are closed.