Mèri Pòdpè pran desizyon pou okenn machin pa debake nan mitan vil la.

883

03-17-2023

Kan avyasyon an se nouvèl destinasyon mèri Pòdpè fikse pou machin yo estasyone.

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon kominike # k010 ki pote non mèri Pòdpè, biwo kominikasyon mèri a fè konnen, yo pase lòd fòmèl pou tout machin pa kanpe chaje ou debake nan zòn gran Tiyo, Won Pwen ak sou Boulva Jovenel Moïse la.

Pou anbeli desizyon sila, Lamèri Pòdpè nan menm kominike a, tou pwofite fè konsène yo konnen, yo chwazi zòn Chan-Avyasyon an pou plase estasyon Wanament, Bochan, Jan-Rabèl, Lakoma, Fwazon, e latriye.

Desizyon sa yo rive pran dapwè zotobre minisipal yo, nan lide pou dekonjesyone divès ri ki nan vil la, epi fasilite pyeton, motosiklèt, machin ak bisiklèt sikile lib e libè.

Comments are closed.