Meri Senlwidinò mande tout kad nan komin nan vin patisipe nan yon rankont estraòdinè 16 me 2024 la.

05 – 11 – 2024
Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Komisyon minisipal Senlwidinò a envite tout kad nan komin nan, nan yon reyinyon estraòdinè mèkredi 16 me kap vini an, vè 11è nan otèl “Toi et Moi”. Rankont sa ap òganize ak direktè depatmantal polis nasyonal Nòdwès la pou diskite sou kesyon ensekirite a nan komin nan.
Diskisyon yo pral chita plis sou konbat fenomèn ensekirite a ak ranfòse fòmasyon polis minisipal yo nan depatman an.
Meri a konte sou prezans tout moun konsekan nan komin nan, pou yon reyisit yon parèy reyinyon nan komin nan. Yon lòt bò, enstitisyon minisipal la swete wè patisipasyon tout rezidan nan rankont sa pou avansman komin nan.






