Byen bonè jedi 30 avril la, yon foul moun mase devan meri Senlwidinò a pou yon distribisyon kit alimantè

04/30/2026
Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi 7è byen bonè maten, yon gwo foul moun te mase devan baryè meri Senlwidinò a, nan objektif pou tann FAYES ak direksyon Afè Sosyal ki tap vin distribiye kit alimantè bay moun ki te viktim anba gwo katastwòf natirèl ki te pase 13 avril 2026 la.
Selon direktè meri a Jude Alcindor, genyen 1000 ti sak diri pou sant vil la ak 6 seksyon yo, ki pral distribiye bay moun ki pi vilnerab yo; sepandan, 1000 ti sak diri pa vle di anyen pou yon popilasyon ki pèdi tout sa yo te pwosede.
Selon kèk kritik, otorite yo dwe afiche yon tikal konsyans, pou fasilite yon entèvansyon byen planifye pou satisfè vrè bezwen yon popilasyon ki alagoni.






