Lapolis Nasyonal Dayiti pwosede ak arestasyon ansyen pòtpawòl Sendika Polis Nasyonal Dayiti (SPNH-17) la, Abelson Gros Nègre

309

03/27/2021

Pòtoprens____(TRiboLAND) Ansyen pòtpawòl sendika Polis Nasyonal Dayiti (SPNH-17), Abelson Gros Nègre jwen arestasyon li jodi samdi 27 màs 2021 an anndan lakay li nan Kafou Fèy.

PNH la ki se yon enstitisyon kap galbande e riske fann an 2 nan jou sa yo, lage atravè Direction Centrale de la Police Judiciaire (DCPJ) yon manda “pote vini” kont ansyen pòtpawòl SPNH la ke yo akize kòm manm aktif gwoup Fantom 509. Se ajan Unité Départementale de Maintien d’Ordre (UDMO), ki te mete men sou li lakay li e mennen’l nan DCPJ ki localize nan Clercine.

Comments are closed.