PNH fouke yon presume chèf gang ak tout manman fanm li nan Akayè

276

10\11\20

Akayè____(TRiboLAND) Nan miltipliye operasyon kont ensekirite a, fòs lòd yo arive mete men nan kòlèt yon presume chèf gang, Blaise ak tout manman fanm li lendi ki te 5 oktòb 2020 nan Akayè, depatman Lwès.

Operasyon fòs sekirite yo te etann yo nan diferan rejyon tankou Kalaba, Saintard, ak Wiliamson, plizyè rejyon kote bandi sangwen an tap kòmande yon group gang ki rele “9 kòbya.”

Bagay ki pandye sou Blaise pa piti! Yo reproche’l dèske li nan aktivite: makanda, vòl men ame, vyòl sou ti lèzanj, anlèvman, sekestrasyon, detansyon zam ilegal, ak asasinay daprè sous polisyè yo.

Blaise, ki se gro Alatèt group gang “9 Kòbya” a trouve’l koulya ansanm ak boubout li nan DCPJ kote ke yo anba gro entèwogatwa.

Comments are closed.