SOS: ratman dlo san parèy nan Nòdwès; DINEPA yon aktè prezan absan

271

Pòdpè____(TRiboLAND) Depi plis pase 3 senmenn, popilasyon Pòdepè a pa sispann fè laviwonn dede atravè tout vil la pou yo jwenn ti gout dlo pou bwè ak pou anpil lòt bezwen vital. Apa yon sèl Kyòs Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman (DINEPA) k’ap alimante tout vil Pòdepè an dlo, tout lòt yo disfonksyonèl e yo pa menm degoute.

Tankou sa pa sispann fèt nan plizyè komen nan Ba Nòdwès, pòdepezyen yo oblije pakouri plizyé km apye pou rann yo jous Trois Rivières, blòk Tifond, pou boske ti gout dlo. Trè souvan, yo konn al tonbe bab pou bab ak bandi, chimè ki pa ezite fè egzasyon sou yo.

Dlo se Lavi! Popilasyon an di li about! Li lanse yon SOS bay konpayi DINEPA pou rezoud problèm dlo a san pèdi tan, konsa, moun ap kapab fè faskare ak sitiyasyon pandemi Kovid-19 la ki egzije tout moun alawonnbadè lave men yo tout lasent jounen.

N’ap raple, Pòdpè vinn ajoute pami lis vil kap subi karans dlo potab nan Nòdwès. Konsa, se nan penitans ak dezespwa pou moun nan popilasyon mache plizyè kilomèt pou arive boske 2 konn gout dlo jous nan trou sous Trois Rivières. Yon dlo ki pa kòdjòm e menm danjere pou lavi tout moun.

Li bon pou’w konnen, 3 sachè dlo ap vann 10 goud, answit fòk ou gen 125 goud pou retire yon galon dlo trete lakay mèt li. Pandan moun ap kontrole gwo asistans DINEPA kontinye jwenn bò kote peyi Espay ak latriye; DINEPA sèlman egziste sou “non” nan depatman Nòdwès!

Saint Jean wiskis, TRiboLAND

Comments are closed.