Fédération Barreaux d’Haiti (FBH) mande prezidan repiblik la pou li rale back sou dekrè depaman yo

288

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nan yon rezolusyon ke li adopte nan yon reyinyon gran panpan pandan 17-24 jwiyè 2020 an, Conseil Administration Fédération Barreaux d’Haiti (FBH) mande prezidan repiblik la pou li rale back nan sa ki gen pou wè avèk dekrè ke li pran ki depaman ak Manman Lwa (Konstitisyon) peyi a.

Nan yon dokiman otantik ki pote paraf prezidan ak sekretè jeneral konsèy la, Jacques Létang ak Robinson Pierre-Louis, FBH deboure yon latriye tèks lalwa ak larèg ki fondamantalman supòte akiman ke li avanse kont dekrè abolotcho prezidan an.

Pou Konsèy la, prezidan peyi a pa gen konpetans ak kalite nesesè pou arive pran gwosè desizyon sa yo ki chita sou enterè publik e ki gen pou wè avèk Pouvwa Lejislatif anndan peyi a. Konsèy la presize egalman ke dènye dekrè yo pa menm rann kont avan de sitiyasyon ijans sanitè yo.

Konsa, FBH konklu ke menm publikasyon dekrè yo arive vyole prensip separasyon 3 pouvwa yo nan peyi a.

Comments are closed.