Popilasyon an nan depatman Lwès peyi Dayiti ap fè gwo fas kare ap pwoblèm dlo depi plizyè jou.

891

03 – 05 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Atak kowalisyon gang ame ki pote non ” Viv Ansanm” nan kapital la, pa kite popilasyon an nan depatman Lwès peyi Dayiti, patikilyèman nan Pòtoprens san konsekans.

Depi anviwon plizyè jou, popilasyon an nan Pòtoprens ap kouri pasi pala, pwason davril, nan boske ti konn gout dlo pou yo bwè ak pou benyen akòz absans dlo nan wobinè yo.

Nan sans sa a, popilasyon an ki te deja nan yon mizè atwòs akòz aksyon malonèt gang sangwen yo, mande ak responsab yo nan DINEPA eseye fè yon kole pyese nan tiyo yo, yon mannyè pou swaf dlo pa vin anpire sityasyon an nan men yo.

Comments are closed.