Kiambu: 25 fanm Buwandi chape anba trafik kretyen vivan

0 523

KENYA__ Detèktive Krim Òganize Twansnasyonal arive sekouri 25 Buwandi fanm ki ta sanble victim trafik kretyen vivan nan zònn Gwa-Kairu nan rejyon Kiambu.

Tout 25 viktim sa yo ki ant 24 – 33 lane tap rete tann pou antre nan plizyè peyi aziatik. Nan kad sa, plizyè fanm jwenn arestasyon yo sou akizasyon raketè trafikè pami yo: Mercy Kaaia, Lydia Wairimu e Susan Nyambura Nganga. Polis detèktiv yo te jwenn infòmasyon sou lakay Nicholas Mugambi Waigwa kote yo te sere victim yo.

Trè bonè semen sa, Dirèktè Envèstigasyon Kriminèl, George Kinoti ki te ouvri yon bwanch siveyans teknolojik sou entènèt kont mouvman trafik kretyen vivan ak rezo pwoteksyon timoun. Rezo-a gen pou benefisye yon latrye konpitè bò kote Nasyon TètKole yo yon fason demantle rezo expozisyon imaj ensanse sa yo keg wo pedofil entènasyonal ap fè sikile.

Kenya se premye peyi nan Afrik ki ouvwi yon bwanch entènèt espesyàl pou envestigasyon forwenzik sou ponografi timoun. Bwanch siveyans sa-a ap gen koneksyon avèk bazdone Explwatasyon Entènasyonal Timoun avèk Entèpòl.

Triboland.com

Leave A Reply