3 sispèk kolera mouri epi 17 lòt enfekte nan 7èm seksyon Platon komin Tigwav.

1,381

12-16-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 3 moun mouri sispèk anba epidemi kolera a,17 lòt enfekte, pami yo, yon ti nosan 11 lane epi yon fanm ansent. Se bilan epidemi kolera a ki apèn parèt kò li nan 7èm seksyon Platon komin Tigwav, daprè kòdonatè Kazèk, Petion Franckèl nan kad yon entèvyou li akòde TRiboLAND aprè midi vandredi 16 desann 2022 à.

Administratè seksyon an, Petion Franckèl deklare se avan yè mèkredi 14 desanm nan epidemi an komanse atake peyizan yo tout bon vre anba dyare ak vomisman san rete. Yon sitiyasyon ki lakoz 3 moun deja pèdi lavi yo epi 17 lòt enfekte.

Chavann, Nan Zetrènn ak Masak, se kèk abitasyon kap pran gro sekous anba epidemi kolera a. Kazèk Petion Franckèl ki presize ke se yon sèl sant sante yo genyen nan seksyon an, li te déjà pat kapab desèvi anviwon 35 mil abitan, li fèmen depi plis pase yon lane akòz absans resouzimèn, materyèl ak medikaman.

Nan sans sa a, Kôdonatè kazèk 7èm seksyon kominal Tigwav la, mande ministè sante piblik ak popilasyon pou mete yon sant tretman kolera nan seksyon an, doktè, enfimyè, materyèl ak medikaman, yon fason pou evite plis peyizan viktim anba kolera LONU an.

JOICY Arnold

Comments are closed.