Ansyen Depite Kenskòf la mande Jovenel Moise pou l antre vye teks legal (dekrè) depaman yo

352

Pòtopwens____(TRiboLAND) nan entèvansyon l sou yon radio nan kapital ayisyen, ansyen Depite Kenskòf la, Alfredo Antoine denonse ak tout fòs li dekrè depaman ke gouvènman Moise-Jouthe la fè sòti ki te pibliye mekredi ki te 24 jwen 2020 an.

Ansyen depite a kwè Kod Penal sa pa mache pou sosyete ke nou ye. Li lonje dwat jouda sou yon seri anbasad ki genmen yo tranpe nan vye desizyon sa yo ke li kalifye kòm vye mès ke yon genyen lakay yo alòske yo vle enpoze yo lakay nou, dapwè Mesye Antoine ki mande prezidan Jovenel Moise rale back sou vye teks legal sa yo ki pa menm pran konsantman popilasyon an. Konsa, ansyen palmantè rete kwè ke desizyon sa yo dwe afè Pouvwa Lejislatif yon peyi.

Paralèlman, genyen yon ekip pastè atravè peyi a ki mete 2 men nan tèt e envite tout antite nan vi nasyonal la nan leve kanpe pou proteste enèjikman kont yon parèy derespektan bò kote dekrè lòbèy gouvènman an ki vle plonje peyi pi plis toujou nan enpidisite ak abominasyon. Yo deklare ke nan kòmansman, yo pat kapab wè ki kote PHTK vle mennen peyi a; sepandan, koulya yo resi wè tout bon vre ki sa bagay ki rele PHTK a vle fè ak peyi a.

Pami pastè sa yo ki pa vle yo parèt konplis de tout dekrè briganday sa yo, Pastè Gerald Bataille ki kritike sevèman gouvènman e li mande yo pou yo kòmanse bati plis prizon pou enkasere kantite moun ki deside kanpe an kwa devan dekrè depaman sa yo ki vize pou satisfè lòt peyi k’ap pratike sodomi ak anpil lòt malpwòpte.

Comments are closed.