Lapolis pase alenfinitif 2 bandi sangwen nan boukantaj kout zam nan mitan yon vag panik nan Petyonvil

1,074

12-11-2022

Petyonvil, Ayiti______(TRiboLAND) Gro tansyon maten dimanch 11 desanm 2022 a nan komin Petyonvil. Lapolis blese mòtèlman 2 bandi ki te trouve yo abò yon SUV Nissan Patwol blan.

Nan boukantaj kout zam ak fòs lòd yo, bandi sangwen yo arive blese mòtèlman nan fè rezistans. Lapopo sezi egalman nan machin nan, yon fizi kalib ak yon lis moun pou kidnape.

Alòske yon van panik melanje ak anpil detonasyon kout zam gate matine popilasyon komin Petyonvil la. Divès legliz te aba gro atak bandi ame byen bonè maten dimanch lan; yo tap tire sou plizyè enstitisyon eklezyastik (katolik tankou protestan) sa yo san oken fòm prosè.

Comments are closed.