Problèm ensekirite fonsyè nan Nòdwès, komisè gouvènman an chita ak notè e apantè

296

Pòdpè____(TRiboLAND) Konfòmeman ak lòd minis jistis la “Rockffeler Vincent,” chèf pakè pòdpè a te rive chita ak notè e apantè yon mannyè pou pote yon repons kont gwo chabwak kap vòlò tè ti malere ak malerèz.

Me Jean Volney Bellamin, konsyan de fenomèn majè sa a mande ak notè yo pa transkri “ak” pou moun ki pa gen papye e mande apantè yo pa apante tè 2 oubyen 3 fwa.

Komisè a kontinye pou’l di: “ni moun kap vòlò tè ak kay moun yo tout ap tonbe anba lalwa”.

Yon lòt bò, Philama, pòt pawòl notè yo santi’l vekse pou tout kontribisyon ke’l pote pou bloke fenomèn gangstè kap vòlò tè ti malere ak malerèz se nad marinad. Li te pwofite okazyon sa a pou lonje dwèt jouda sou jij ak komisè yo ki fè tèt yo pase kòm notè ak apantè e simen latwoublay ak deblozay nan mitan popilasyon nòdwezyèn nan, nan pran kòb nan men gwo chabwak sou do ti peyizan.

Pou fini, komisè a mande ak tout aktè konsène yo pou yo aplike nouvèl “fèy de wout” Ministè Jistis la yon mannyè pou kapab pote yon solisyon ak pwoblèm ensekirite fonsyè a kap vale teren.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.