Devoir de mémoire : Gran Don Makout ak Ed Enperyalis Malfini Te Fè Anpil Anpil SAN KOULE nan Jan Rabèl!

312

Konbyen Moun K ap Sonje Jou 23 Jiyè sa a , sa gen 33 Lane , Lè Grandon Makout ak Ed Enperyalis Malfini an Te Fè Anpil Anpil SAN KOULE nan Jan Rabèl?

Plizyè nan Peyizan Manm Gwoupman ” Tèt Ansanm” / Tèt Kole ki parèt sou foto sa a …tankou Valéry Ansènio ak lòt te Pèdi Lavi yo nan Lamontay anba Kout Manchèt ak anba Bal Mèsenè Ki te nan Sèvis Fanmi Lucas ak Poitevien ak Alye yo.

139 Ti Peyizan Te MOURI epi plizyè Santèn lòt te Blese epi anpil pral vin Estwopye … fizikman oswa sikolojikman !

Sonje Grandon yo Te Revandike MASAK Sa a anba Kamera Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH) epoutan : Yo Toujou Ap Sikile Libelibè San Kòd Lajistis Pa Nan Kou Yo !!!

Sonje Nikol Poitevien ki te Te akonpanye ak Remy LUCAS nan Televizyon Nasyonal D Ayiti Te Deklare : ” Nou menm nan Kan Ameriken an, Nou Pèdi 7 Moun Men Nou TOUYE 1042 Kominis ” !!!

Ti Peyizan Jan Rabèl ak Bochan yo Toujou SWAF JISTIS ! AYITI SWAF JISTIS !!! SOUFRANS lan Toujou Anpil deske Dèy la San Bout !!!

Stephen William PHELPS, Pòtoprens 23 Jiyè 2020

Comments are closed.