Komemorasyon 33e lane lanmò 139 ti peyizan nan zòn Mawotyè ak Jan Rabèl.

261

Pòdpè___(TRiboLAND) Jounen jedi 23 jwiyè 20 an,Tèt Kole ti peyizan ak divès lòt òganizasyon kite soti nan kat kwen peyi dayiti rive komemore 33e lane Masak 139 ti peyizan nan zòn Mawotyè ak Janrabèl.

Yon aktivite kite dewoule sou tèm” jistis ak reparasyon pou peyizan yo”. Aktivite sila kite tanmen nan lekòl kay frè a pou tal bout douvan delegasyon depatmantal nòdwès la.

This image has an empty alt attribute; its file name is image-239.png

Pierre Joseph ki se lidè Òganizasyon “Tèt Kole” a mande jistis ak reparasyon pou fanmi viktim yo e pwofite denonse konpòtman pouvwa PHTK a ki gen yon konpòtman “GRAN DON” e ki pa fè lòt bagay ke kontinye pran te moun ak gagote kòb pasi pala pandan ke malere ak malerèz ap naje nan mizè rere.

Yon lòt bò Pierre Joseph soulinye divès objektif ke òganizasyon sila bay tèt li pou mennen kalite batay sila tankou: motive, konsyantize, mobilize tout ti peyizan pou yo makònnen ansanm kòm yon fòs sosyàl nan peyi a sitou nan kontinye kenbe byen wo revandikasyon peyizan yo; batay pou ti peyizan yo jwnn tè pou yo travay; opòtinite pou gen aksè ak zouti modèn pou yo travay ak divès lòt objektif ankò.

Pou fini, lidè “Tèt Kole” a fè konnen anplis komemorasyon an, ke nan jou kap vini la yo pral genyen gwo mouvman leve kanpe kap gen pou tanmen nan divès zòn nan peyi a tankou : Nòdwès, Latibonit, Nò, Ba Plato Santral, Sid ak Nòdès.

Nap raple, jounen komemoratif sa se yon moman egalman ki konsakre pou onore memwa fondatè mounvman “Tèt Kole Ti Peyizan” Pè Jean Marie Vincent, ki mouri nan kad batay pou sa yo ki oprime!

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.